Movatterモバイル変換


[0]ホーム

URL:


Aller au contenu
Wikipedya
Rechèch

Lang franse

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Lang franse sou Latè

Lang franse se yon lang ki vin tounen ansanm ak kreyòllang ofisyèl Ayiti depi lane1987. Se lang natif-natal tout moun ki fèt e ki elve nanFrans (Ewòp),Kanada (Amerik dinò),Giyàn franse (Amerik disid) ak nan kèk peyiAfrik.

Lang franse se yonlang womàn. Langkreyòl ayisyen genyen anpil mo ladann ak sentaks ki soti nan lang franse. Gen anpil mo anndan li tou ki soti nanAfrik.

Istwa

[modifye |modifye kòd]

Istwa ewopeyèn

[modifye |modifye kòd]

Lang franse a se yon lang womàn. Sa vle di, se youn nan lang modèn ki soti nan laten. Moun ki etidye lang yo konn divize istwa lang nan de (2) pati. Premyèman, gen istwa ekstèn oswa chanjman politik, sosyal, teknolojik, ou etnik yo ki te gen yon efè sou lang nan. Dezyèmman, gen istwa entèn oswa chanjman fonolojik e gramatik yo ki te rive nan lang nan pou kont li.

AvanJil Seza te konki peyi a ki releFrans jodi a, gen moun ki te konn pale lang kelt ki la. Women rele moun yo « Gol yo » (Galli nan laten) e peyi a te releGol (Gallia nan laten). Lang kelt moun sa yo te pale te gen enfliyans sou laten ki te pale nan Gol e li bay kèk mo ak ekspresyon ki te antre nan franse ansyen an ki te develope. Se poutèt sa gen kèk mo franse ki gen orijin jèmanik, ki pa soti nan laten an. Pa egzanp :boue « labou »,mouton « mouton »,changer « chanje » e lòt ankò.

Apre twazyèm syèk la, yon seri de tribi jèmanik te vin envayi Ewòp oksidantal e gen kèk nan tribi sa yo ki te vin rete nan Gol, oswa Frans. Youn nan tribi sa yo ki enpòtan pou listwa franse se trib la ki rele Frank yo. Yo te tèlman enpòtan, se nan non tribi sa yo te jwenn non peyi a (Francia/France/Lafrans) ak lang nan (français/franse). E tribi gèmanik sa yo te kontribye mo pou lang franse, tou :garçon « gason »,blanc/blanche « blan »,haïr « rayi », e lòt ankò.

Pi ta nan moyen aj la, lang franse a te resevwa yon pakèt mo nan men lòt lang tankou nòman, nèlande, alman ba, ak angle, tou.Yon powèt italyen ki rele Dante mete lang woman ki te egziste nan epòk li nan twa gwoup konsa :nam alii oc, alii si, alii vero dicunt oil. Sa vle di: Gen moun ki dioc, moun ki disi, e moun ki dioil. Konsa li klasifye lang ok (nan Lafrans disid), lang si (nanItali,Espay ePòtigal) ak lang oil (nan lot pati Lafrans). Li klasifye lang sa you selon fason you te geyen pou di « wi ». Franse modèn se lang oil ki te vin ofisyèl. Se mooil la ki te vinoui « wi » nan franse modèn.Avan ane 1300, sètèn lengwis rele tout lang oil ansanm ansyen franse. Premye tèks ki te ekri nan ansyen franse se Sèman Estrasbou la (Le Serment de Strasbourg) ki te ekri nan lane 842. Poutan, avan ane 1539 yo te toujou konn sèvi ak laten pou bagay ofisyèl tankou gouvènman an ak tribinal la. Apre ane sa a, waFransis I te fèL'ordonnace de Villers-Cotterêts (lòdonans vile-koterè) ki pwoklame se franse ki pral lang ofisyèl nan peyi a. Lè franse a pedi deklinezon ki te geyen nan laten vilgè e apre yo fin chwazi youn dyalèk pou li dyalèk ofisyèl, lingis yo rele lmwayen franse. Nan lane 1550, Louis Maigret te ekri premye gramè franse a. An 1634Cardinal Richelieu te kreyeAcadémie française a. Yo gen pou objèktif prezève lang franse ak kembe li nèt.

Pati nan sètyèm syèk rive nan diznèvyèm syèk, akozdeSyèk de limyè yo (Siècle des Lumières) ansam avèk lefètke Lafrans te vin yon pisans enpòtan, sa fè ke franse a vin yonlingua franca. Sa vle di li vin yon lang moun itilize pou yo kominike si yo pa soti menm peyi a. Wa Risi yo te konn li ak pale franse. Anpil moun nan lakou wayal pouKaterin II, rey ris te konn pale sèlman franse. Yo te we ris tankou yon lang pou moun pòv.Pati nan 17yèm syèk rive nan 19yèm syèk, tou, Lafrans te fè anpil kolonizasyon. Se poutèt sa jodi a, gen plizyè peyi ki pale franse e gen plizye dyalek. Gen kek moun ki soti Lafrans pou yo al nanKanada tabli koloniNouvou Lafrans (Nouvelle-France). Jodi a menm gen kote nan Kanada kote yo pale franse, notaman provens Kebèk. Plizyè peyi annAfrik ak plizyè zil tou, gen yon popilasyon ki pale franse pou premye oswa dèzyèm lang.Jodi a, gen hinghang sou kesyon de prezèvasyon de franse e lenfliyans anglè, patikilèman nan domèn biznis, syans e kilti popilè.Menm jan akAcadémie française a nan Lafrans, genOffice québécois de la langue française a nan Kebèk ki gen pou objektif prezèvasyon lang nan. Yo menm, yo konsène avèk franse kebèkwa.

Istwa ayisyèn

[modifye |modifye kòd]

Nan lane1697, Franse yo ki tap vivAyiti depi1629, vin okipe ofisyèlman pati lwèsSen Domeng. Se apre Franse vin pran Sen Domeng e vin genyen tout kondisyon yo pou yon kreyòl parèt : Franse yo kòmanse komès esklav e vin genyen nesesite pou kolon yo kominike avèk esklav yo. Trete :lang kreyòl ayisyen

Premye tèks

[modifye |modifye kòd]

Sèman Estrasbou (Sacramenta Argentariae)842.

Kèk mo nan sèman Estrasbou

Òtograf

[modifye |modifye kòd]

Edikasyon

[modifye |modifye kòd]

Literati

[modifye |modifye kòd]

Alfabè

[modifye |modifye kòd]

26 lèt.

Tri primaire -,;:!?."()[]{}§
Tri secondaire
Tri tertiaire _´`ˆ˜¨. . .'"«»

Suite de la table :

Tri primaire@*/\&#%°+±÷×<=>|$£0123456789
Tri secondaire
Tri tertiaire

Suite de la table :

Tri primaireaa ebcdefg
Tri secondaireaàâæcçeéèêë
Tri tertiaireaAàÀâÂæÆbBcCçÇdDeEéÉèÈêÊëËfFgG

Suite de la table :

Tri primairehijklmnoo epqr
Tri secondaireiîïnñoôœ
Tri tertiairehHiIîÎïÏjJkKlLmMnNñÑoOôÔœŒpPqQrR

Suite de la table :

Tri primairestuvwxyz
Tri secondaireuùûüyÿ
Tri tertiairesStTuUùÙûÛüÜvVvWxXyYÿŸzZ

Konsòn yo

[modifye |modifye kòd]

20 konsòn

Vwayèl yo

[modifye |modifye kòd]

6aeiouy

Dyakritik yo

[modifye |modifye kòd]

Ofisyèl

[modifye |modifye kòd]

Lòt òtograf

[modifye |modifye kòd]

Lis Swadesh

[modifye |modifye kòd]

Trete

[modifye |modifye kòd]

Referans

[modifye |modifye kòd]

Lyen deyò

[modifye |modifye kòd]
Rekipere depi « https://ht.wikipedia.org/w/index.php?title=Lang_franse&oldid=866458 »
Kategori yo :

[8]ページ先頭

©2009-2025 Movatter.jp