Grip pòsin se yon enfeksyon respiratwa keviris grip la pwovoke epi li pwopaje nan kochonregilyèman. Yo rapòte nan peyi Meksik gen moun ki tonbe malad grav e ki mouri poutèt yo trapegrip pòsin nan; sepandan ka kikonfime resaman nan peyi Etazini se dè ka ki pa twò grav.[1]
Sentòm grip pòsin yo sanble yo manifeste menm jan ak sentòm abityèl moun konn genyen lèyap pran grip e sentòm sa yo se lafyèv, tous, malgòj, kò fè mal, letèji (moun nan santi kò l krazeak dòmi nan je l), maltèt, frison ak fatig. Gen moun ki fè konnen grip pòsin lan ba yo dyare akvomisman.
Viris grip pòsin lan kapab transmèt dirèkteman ant kochon ak moun. Transmisyon de moun amoun posib tou, e sanble se sa kap fèt la avèk epidemi sila a. Li pwopaje sitou lè moun touseepi lè yo etènye. Moun ka trape enfeksyon an lè yo manyen yon bagay ki gen viris grip la sou liepi apresa yo manyen bouch yo oswa nen yo.
Nenpòt moun ki gen kontak ak yon moun ki enfekte gen risk pou l pran grip pòsin. Li transmètde yon moun a yon lòt moun menm jan viris grip la konn transmèt nan sezon grip: atravè tipatikil toupiti ki pwopaje nan lè nou respire a lè moun ki enfekte a touse oswa lè li etènye.
Nenpòt kimoun ki gen lafyèv, kap touse oswa ki gen malgòj fèt pou l rete lakay li san l pa aletravay ni lekòl pandan omwen 7 jou, epi l pa dwe tounen travay ni tounen lekòl pazavan younoswa de(2) jou apre sentòm yo fin ale nèt. Lave men w regilyèman. E kòm toujou, kouvri bouchak nen w lè wap touse oswa lè wap etènye. Ou pa bezwen ale lopital si maladi a pa pa fò souou, sepandan nenpòt ki moun ki gen sentòm grav tankou si moun nan difisil pou l respire, mounsa a fèt pou l ale pran swen ak tretman medikal touswit.
Menm si w ta konnen ou gen grip pòsin, sa pap afekte trètmam wap resevwa a, sepandan si yofè tès pou yon seri de moun ki afekte, sa kapab pèmèt otorite yo swiv pwopagasyon maladi a.Pou yo dyagnostike grip pòsin, gen de(2) seri tès yo dwe fè nan laboratwa. Depatman Lasanteak Ijyèn Mantal rekòmande moun fè tès sèlman lè yo resanti sentòm ki grav oswa lè gen yongwoup moun ki tonbe malad ansanm. Se sèlman yon prelèvman nazal (nan nen) yo bezwenpou yo ka fè tès laboratwa a.
Pou lemoman, nanpwenvaksen kont grip pòsin. Vaksen moun pran nan sezon grip la papwoteje moun kont grip pòsin. Se poutèt sa li trè zenpòtan pou moun pran anpil prekosyon,tankou kouvri bouch yo lè yap touse ak lave men yo.
Si m santi sentòm grip yo, èske m bezwen pran medikaman?
Medikaman antiviral tankou Tamiflu (oseltavimir) ak Relenza (zanamivir) ka soulaje sentòm grippòsin yo, e medikaman sa yo patikilyèman enpòtan pou moun ki malad grav yo oswa moun kigen risk pou yo devlope konplikasyon akòz grip la. Pami moun ki nòmalman gen plis chans pouyo devlope konplikasyon se timoun piti, granmoun aje, ak moun ki soufri maladi kwonik. Pasyanki gen grip yo e ki fè pati de kategori ki gen risk sa yo fèt pou yo ale pran tretman medikal. Libon tou pou moun ki nan menm kay ak mounki gen nan kategori sa yo, pou yo ale prantretman defason pou yo pa kite enfeksyon an antre sou yo.
Ki sentòm ki prezante lè moun malad grav ak grip pòsin?
Byenke ka grip pòsin yo anrejistre jiskaprezan yo pa pi grav, moun ki enfekte yo ta dwe okourande kèlke maladi grav grip pòsin lan ka bay. Si w ta vin malad epi w santi youn nan siy avètismansila yo, ale pran tretman medikal dijans.Men kèk siy avètisman timoun prezante ki montre yo bezwen al pran tretman medikal dijans:
Souf rapid oswa pwoblèm respirasyon
Po timoun nan vin on tijan ble
Si timoun nan pa bwè ase likid
Si timoun nan pa vle reveye oswa li pa kominike ak lòt moun
Timoun nan tèlman ap fè chimerik ke li pa vle yo pote l
Sentòm ki tankou grip la kòmanse ale epi yo retounen ak lafyèv ansanm ak yon tous ki pi mal
Lafyèv ak gratèl
Men kèk sentòm granmoun prezante ki montre yo bezwen swen medikal dijans:
Difikilte pou yo pran souf yo oswa etoufman (souf kout)
Doulè oswa presyon sou lestomak oswa sou abdomèn
Vètij sibit
Moun nan ap depale (konfizyon)
Vomisman grav oswa kap pèsiste
Kisa pou m fè si m abite nan menm kay ak yon moun ki gen sentòm ki tankou grip?
Si sentòm yo grav, moun nan fèt pou l ale kay doktè. Si moun ki afekte a te gen kontak ki preavèk yon moun ke yo panse oswa ke yo konfime ki gen grip pòsin, doktè a oswa moun kap ba lswen medikal la ka pwopoze pou moun nan fè tès pou grip pòsin.
Kisa pou m fè si m abite nan menm kay ak yon moun yo konfime ki gen grip pòsin?
Swiv menm prekosyon ou konn swiv pou evite grip moun abitye pran nan sezon grip:
Pa pran anpil kontak avèk moun ki malad la. Evite pran kontak sere ak moun nan, tankou
piga bo l, piga itilize menm sèvyèt, menm linèt oswa piga itilize menm bwòsadan avèk mounki malad la.
Pa kite moun vini an vizit. Si gen vizitè ki dwe rantre nan kay la, yo pa fèt pou yo pran okenn
kontak sere avèk moun ki malad la.
Lave men w souvan ak savon ak dlo oswa avèk yon solisyon pou men ki abaz alkòl.
Ou ka konsidere pou w mete yon mask pou figi oswa yon mask respirasyon N95. Ou ka
achte yo nan nenpòt ki famasi oswa nenpòt ki kenkayri. Si wap itilize yon mask an twal ke wka itilize ankò, ou fèt pou w lave l ak savon lesiv nòmal epi seche l nan machin ki secheavèk lè cho.
Lave asyèt sal ak ajantri swa nan machin ki lave asyèt oswa lave yo alamen avèk dlo tyèd e
ak savon. Ou pa bezwen separe vesèl pasyan ki gen grip la itilize.
Ou mèt fè lesiv ou san pwoblèm nan machin-a-lave nòmal avèk dlo tyèd oswa dlo frèt ak
savon. Pagen nesesite pou w separe lesiv moun ki malad la.
Èske si m netwaye kay mwen sa kapab anpeche transmisyon maladi a?
Wi. Pou w ka anpeche transmisyon maladi a, tout sifas ki gen nan kay la, tankou manch pòt, pòtfrijidè, telefòn ak sifas ki gen nan twalèt yo fèt pou yo lave avèk savon oswa savon lesiv; renseyo ak dlo, dezenfekte yo epi rense yo ankò. Dezenfektan yo se pwodui ki « anrejistre antankedezenfektan » sou etikèt la. Si w pagen dezenfektan, fè yon solisyon abaz klowòks; annik ajoute1 gwo kiyè klowòks nan yon ka (4 tas)dlo. Itilize yon mòso twal pou w pase solisyon sa a soutout sifas yo epi apre rense sifas yo ak dlo. Jete solisyon abaz klowòks ke w itilize a epi fè yon lòt melanj solisyon ak dlo pwòp lè wap rekòmanse ak netwayaj la. Itilize sèvyèt ki gen solisyon dezenfektan pou w siye aparèy elektwonik ke moun manyen souvan (telefòn, òdinatè, rimotkontwòl).