Movatterモバイル変換


[0]ホーム

URL:


Aller au contenu
Wikipedya
Rechèch

Alexandre le Grand

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib
Alexandre le Grand
Deskripsyon imaj Bust_Alexander_BM_1857.jpg.
Nesans avan Jezi Kri
Pella, Masedwàn santral
Lanmò avan Jezi Kri
Babilòn
Nasyonalitegrèk
Peyi nesansGrès

modifyeConsultez la documentation du modèle

Aleksann Legran te fèt 21 jiyè 356 avan Jezi Kri nan yon site antik ki relePella ki nan Masedwàn santral nan peyiGrès. Li te mouri nan dat 11 jen 323 avan Jezi Kri nan Babilòn. Se te wa nan Masedwàn[1] (Macédoine) depi nan lane epi youn pèsonaj ki te plis selèb nan tan lontan.

Biyografi

[modifye |modifye kòd]

Alexandre le Grand se te pitit Filip II (Philippe II) akOlympias, seAristòt ki te pwofesè li.[2] Relasyon ki te makònen Alexandre ak Aristote te depase relasyon yon disip ak mèt li.[3]

Apre asasina Philippe, Alexandre vin eritye yon wayòm puisan ak yon lame eksperimante. Li te repran yon pwojè papa li te genyen sou nonpanhellénique ki te pèmèt li reyini Masedwàn ak site grèk yo nan yon kowalisyon pou l te kapab anvayi anpi pès la[4] (Empire perse). Nan lane 334, li debake an Azi kote li te tanmen yonkanpay ki dire dis (10) lane[5]. Li te genyen premye viktwa li sou satrap (satrapes) pès yo ki te pèmèt li pranAnatoli. An 333, li bat wa Darius III[6] nanIssos. Li te kontinye batay pou l gen kontwòl Fenisi (Phénicie) epi li te mache jis rive an Ejip (Égypte) kote li te pwoklame Faraon (farawon).[7].

Referans

[modifye |modifye kòd]
  1. « Alexandre le Grand » (in français). Retrieved2023-10-13. 
  2. « Aristote, le maître d’Alexandre - Alexandre le Grand et l’Orient : de la Perse jusqu’en Inde ». Retrieved2023-10-13. 
  3. https://univ-sorbonne-nouvelle.hal.science/hal-01722133/document
  4. « Alexandre le Grand, conquérant du bout du monde » (in français). 2022-11-16. Retrieved2023-10-13. 
  5. « Les étapes de la conquête d'Alexandre le Grand » (in français). Retrieved2023-10-13. 
  6. « Darius III » (in français). 2023-08-21. 
  7. Maspero, Gaston (1896).« Comment Alexandre devint dieu en Égypte ».Annuaires de l'École pratique des hautes études29 (1): 5–30.doi:10.3406/ephe.1896.2076. 

Lyen deyò

[modifye |modifye kòd]
Rekipere depi « https://ht.wikipedia.org/w/index.php?title=Alexandre_le_Grand&oldid=828697 »
Kategori yo :
Kategori kache yo :

[8]ページ先頭

©2009-2026 Movatter.jp