Movatterモバイル変換


[0]ホーム

URL:


Aller au contenu
Wikipedya
Rechèch

Paj Prensipal

Depi Wikipedya, ansiklopedi lib

Kout pwojektè

Otopòtrè atis la, 1889, lwil sou twal, Mize Orsay (F627/JH1772).
Otopòtrè atis la, 1889, lwil sou twal, Mize Orsay (F627/JH1772).

Vincent van Gogh (pwononse an neyèlandè: /ˈvɪnsɛnt vɑŋ ˈɣɔx/; an kreyòl:Vensan Van Gòg), fèt30 mas1853 nanGroot-Zundert (Peyiba), epi li mouri29 jiyè1890 nanAuvers-sur-Oise (Frans), se yonpent akdesinatèolandè. Penti l yo ki gen yon gwo aspènatiralis, epi ki jwenn enspirasyon yo nanenpresyonis akpwentillis, anonse mouvman atistikfovis akekspresyonis.

Van Gogh te grandi nan yon fanmi ansyen boujwa. Li te premye eseye fè karyè kòm machann atizay nanGoupil & Cie. Sepandan, paske li te refize wè atizay kòm yon machandiz, yo revoke l. Lè sa a, li te vle vinyon pastè, menm jan ak papa li ki te yon pastè, men li pa pase egzamen teyoloji yo. Zòn 1880, li lage kò l nan penti. Pandan ane sa yo, li te kite Lawoland pouBèljik, epi li al rete anFrans. Vincent etidye penti ak desen alafwa kòm yonotodidak, kididonk pou kont li, epi li pran leson tou. Ak anpil pasyon, li pa janm sispann anrichi konesans li nan zafè penti: li analize travay pent nan epòk li a, li vizite mize ak galri penti, boukante lide ak zanmi pent li yo, li etidyeestanp japonè, litografi (penti sou wòch) anglè, elatriye. Penti li yo montre pil rechèch li fè ak lajè konesans atistik li. Sepandan, lavi li chaje ak kriz ki montreenstabilite mantal li. Youn nan yo lakòz li touye tèt li, a laj 37 an.

PilKorespondans van Gogh yo pèmèt nou pi byen konprann li. Li konsiste de plis pase 800 lèt ekri pou fanmi ak zanmi li, ki gen ladan 652 lèt li voye bay frè liTheo, ak moun li te kenbe yon relasyon sere ni sou plan pèsonèl ak pwofesyonèl.

Zèv Van Gogh konpoze plis 2000twal akdesen ki date sitouane 1880 yo. Li fè eko nan milye atistik ewopeyen an nan fen XIXe syèk la. Li te enfliyanse pa zanmi pent li yo, tankouAnthon van Rappard,Émile Bernard akPaul Gauguin. Li fè echanj opinyon tou ak frè l Theo, yon machann atizay ki te popilè. Li admireJean-François Millet,Rembrandt,Frans Hals,Anton Mauve akEugène Delacroix, pandan li ap tire enspirasyon nanHiroshige,Claude Monet,Adolphe Monticelli,Paul Cézanne,Edgar Degas akPaul Signac.

Nan ane 1890 yo, se sèlman yon ti kantite otè ak pent ki te remake Van Gogh nanLafrans,Peyiba,Bèljik akDannmak. Sepandan, nan ane 1930 yo, travay li yo te atire 120 000 moun nan yon eskpozisyon nanMuseum of Modern Art, Nouyòk. Kounye a li konsidere kòm youn nan pi gwo atis pandan tout tan.

Èske w konnen?

Estati Kiichiro Toyoda.
Estati Kiichiro Toyoda.

Istorik mwa mas

Chalgrin estanda mèt, rue de Vaugirard nan Pari.
Chalgrin estanda mèt, rue de Vaugirard nan Pari.

Bèl imaj pou mwa mas

Yon sourit. (définition réelle 1 080 × 772)
Yonsourit.
(définition réelle 1 080 × 772)

Prezantasyon

Wikipedya se yon pwojè ansiklopedi kolektif anliy, inivèsèl, nan plizyè lang e ki fonksyone sou prensipwiki. Pwojè sa a gen pou objektif ofri kontni ki kapab itilize ankò, objektif ak verifye, ke tout moun ka modifye ak amelyore.

Wikipedya defini akPrensip fondatè yo Kontni li yo anbaLisans creative commons by-sa >. Li kapab kopye epi itilize ankò anba menm lisans lan, si yo respekte kondisyon yo. Wikipedya bay tout kontni li yo gratis, san yo pa fè piblisite, epi san yo pa itilize eksplwatasyon done pèsonèl itilizatè li yo.

Editè atik Wikipedya yo se volontè. Yo kowòdone efò yo nan yon kominote kolaboratif, san lidè.

Jodi a, Wikipedya nan langkreyòl ayisyen an konte :
70 720
atik
72
kontribitè anrejistre aktif

Kijan pou kontribye ?

Nenpòt moun ka pibliye kontni sou Entènèt imedyatman, depi yo respekte règ esansyèlFondasyon Wikimedya ak kominote a; pa egzanp,verifyabilite kontni,kalifikasyon atik akkenbe yon atitid akeyan.

Gen anpil paj èd ki disponib pou ou, tankoukreye yon atik,modifye yon atik oswa imaj. Pa ezitepoze yon kesyon pou w ka ede w nan premye etap ou yo, sitou nan youn nanpwojè tematik yo oswa nan plizyèespas pou diskisyon.

paj diskisyon yo itilize pou santralize panse ak kòmantè pou amelyore atik yo.

Wikipedya nan lòt lang yo

Wikipedya se editè volontè ki ekri l epi Wikimedya Fondasyon òganize l, se yon òganizasyon san entèrè lajan ki òganize tou yon seri lòt pwojè volontè:Meta-Wiki :
Commons
Commons
Medyatèk
Wikiquote
Wikiquote
Sitasyon
Wikidata
Wikidata
Baz done yo
Wikivwayaj
Wikivwayaj
Gid pou vwayaje
Wiksyonè
Wiksyonè
Diksyonè
Wikiliv
Wikiliv
Liv ak manyèl
Wikisous
Wikisous
Bibliyotèk
Wikiversité
Wikivèsite
Zouti aprantisaj
Wikinews
Wikinews
Sit aktyalite
Wikispecies
Wikispecies
Anyè espès


Rekipere depi « https://ht.wikipedia.org/w/index.php?title=Paj_Prensipal&oldid=862133 »
Kategori yo :

[8]ページ先頭

©2009-2025 Movatter.jp